Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 48

Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.

1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,

nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.

2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,

se Mòn Sion nan pati a,

48:2 Mat 5:35 Vil gran Wa a.

3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo.

La, Li te tèt Li rekonèt kon yon 48:3 Sòm 46:7refij.

4 Men gade, 48:4 II Sam 10:6-19wa yo te rasanble yo.

Yo pase akote vil la ansanm.

5 Yo te li, e yo te etone.

Yo te 48:5 Egz 15:15sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.

6 La, yo pèdi ekilib yo nèt.

Doulè ak sezisman te pran yo tankou 48:6 És 13:8fanm k ap akouche.

7 Avèk 48:7 Jr 18:17van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.

8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin ,

nan vil SENYÈ dèzame yo,

nan vil Bondye pa nou an.

Bondye va 48:8 Sòm 87:5etabli li nèt, jis pou tout tan.

9 Nou te reflechi sou 48:9 Sòm 26:3lanmou dous

Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.

10 Jan 48:10 Det 28:58non Ou ye a, O Bondye,

Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent a;

Men dwat Ou plen ladwati.

11 Kite Mòn Sion kontan!

Kite 48:11 Sòm 97:8 fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.

12 Mache toupatou nan Sion e antoure li.

48:12 Né 3:1-27 Konte wo li yo.

13 Konsidere ranpa li yo.

Antre nan palè li yo, pou ou kab

48:13 Sòm 78:5-7 pale jenerasyon k ap vini an.

14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.

48:14 Sòm 23:4 Li va gide nou jiska lanmò.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também