Publicidade

Salmos 61

Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David

1 Koute kri mwen, O Bondye.

Prete atansyon a lapriyè mwen.

2 Soti nan dènye pwent latè,

mwen rele Ou lè kè m fèb;

Mennen mwen sou wòch

ki pi wo pase m nan.

3 Paske Ou te yon refij pou mwen,

yon fò ki wo,

yon gran fòs kont lènmi yo.

4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.

Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan

5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.

Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.

6 Ou va fè lavi a wa a byen long.

Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.

7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.

Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.

8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.

Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-