Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 90

Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.

1 Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye

pandan tout jenerasyon yo.

2 Avan mòn yo te vin parèt,

oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk a,

menm 90:2 Sòm 93:2pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.

3 Ou lòm retounen nan pousyè a, epi di:

"Retounen, O pitit a lòm yo."

4 Paske mil ane devan zye Ou

se tankou ayè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.

5 Ou 90:5 Job 22:16 bale yo ale pandan y ap dòmi.

6 Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.

aswè, chan an febli e fennen nèt ale.

7 Paske nou 90:7 Sòm 39:11 fin manje nèt akoz kòlè Ou.

E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.

8 Ou te 90:8 Sòm 50:21 mete inikite nou yo devan Ou.

Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.

9 Paske 90:9 Sòm 78:33 tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.

Ane nou yo ap fini kon souf.

10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,

oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.

Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.

Paske byen vit li prale, e nou 90:10 Job 20:8 vole ale.

11 Se kilès ki konprann 90:11 Sòm 76:7 fòs a kòlè Ou a?

Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?

12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,

pou nou kab 90:12 Pwov 2:1-6ofri Ou yon ki plen sajès.

13 Lache, O SENYÈ!

Konbyen tan sa va ye?

Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!

14 O nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,

pou nou kab chante ak jwa e kontan pandan tout jou nou yo.

15 nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,

tout 90:15 Det 2:14-16ane ke nou te mal yo.

16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,

ak90:16 I Wa 8:11majeste Ou a pitit yo.

17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,

epi 90:17 Sòm 37:23konfime pou nou menm, zèv men nou yo.

Wi, konfime zèv men nou yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também