Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 75

Pou direktè koral la; pou jwe a melodi "Pa Detwi"

Yon Sòm Asaph, yon Chanson

1 Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,

Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.

Moun yo deklarasyon 75:1 Sòm 26:7zèv mèvèy Ou yo.

2 "Mwen menm fikse yon tan ki apwente,

Mwen va 75:2 Sòm 9:8jije avèk jistis.

3 Latè avèk tout sa ki ladann souke.

Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo." Tan

4 Mwen te di a awogan yo: "Pa vin ògeye!"

A mechan an: 75:4 Za 1:21 "Pa leve kòn nan.

5 Pa leve kòn ou anwo.

75:5 I Sam 2:3 Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan."

6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,

ni kote 75:6 Sòm 3:3 dezè a,

kab gen fòs pou leve moun anwo;

7 Men Bondye se jij la.

Li 75:7 Sòm 50:6 yon moun desann,

e li leve yon lòt l wo.

8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,

e diven an ap kimen.

Li byen mele e Bondye vide l sòti ladann.

Anverite, 75:8 Ab 16 tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.

9 Men pou mwen, mwen va 75:9 Sòm 22:22 deklare sa, jis pou tout tan.

Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.

10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe yo sòti nèt.

Men 75:10 I Sam 2:1 kòn a moun ladwati yo va leve wo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também