Publicidade

Salmos 20

Pou direktè koral la; Yon sòm David

1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la!

Ke non Bondye Jacob la kapab

kenbe ou ansekirite an wo!

2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan

sanktiyè a,

epi bay ou soutyen soti nan Sion.

3 Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo,

ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!

4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,

e akonpli tout plan ou yo!

5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.

Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.

Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.

6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a

va delivre moun onksyone pa Li a.

Li va reponn li soti nan syèl sen Li an,

avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,

Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

8 Yo te pliye e yo te tonbe,

men nou te leve e nou te kanpe dwat.

9 Delivre nou O SENYÈ!

Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-