Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 21

Pou direktè koral la; Yon sòm David

1 O SENYÈ, 21:1 Sòm 59:16-17nan fòs Ou, Wa a va kontan.

Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!

2 Ou te bay li dezi a li,

ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.

3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk

benediksyon de tout bon bagay.

Ou te mete yon 21:3 II Sam 12:30 kouwòn sou tèt li.

4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.

Yon vi ki long ak 21:4 Sòm 91:16jou k ap dire

jis pou tout tan.

5 Glwa li gran nan sali pa Ou.

21:5 Sòm 96:6 Onè ak majeste Ou te mete sou li.

6 Paske Ou te li beni pase tout moun, jis pou tout tan;

Ou te li plen ak lajwa 21:6 Sòm 43:4avèk kontan nan prezans Ou.

7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.

Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,

21:7 Sòm 112:6 Li p ap ebranle menm.

8 Men ou va 21:8 És 10:10dekouvri tout lènmi ou yo.

Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.

9 Ou va yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou.

SENYÈ a va 21:9 Lam 2:2vale yo nèt nan kòlè Li,

epi dife va devore yo.

10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,

epi 21:10 Sòm 37:28desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.

11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou,

e te 21:11 Sòm 10:2fòme yon konplo,

yo p ap reyisi.

12 Paske Ou va yo vire do yo.

Ou va pwente 21:12 Sòm 7:12-13banza sou figi yo

ak bon kontwòl.

13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ,

ak tout fòs Ou!

Nou va 21:13 Sòm 59:16chante e bay lwanj a pwisans Ou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também