Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 144

Yon Sòm David

1 Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,

ki 144:1 II Sam 22:35enstwi men m pou lagè,

ak dwèt mwen pou batay.

2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an,

144:2 Sòm 59:9 Fòterès mwen ak liberatè mwen an,

Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,

Ki soumèt pèp mwen an anba m.

3 O SENYÈ, 144:3 Sòm 8:4se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?

Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?

4 144:4 Sòm 39:11 Lòm se tankou yon sèl souf.

Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.

5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann.

Touche mòn yo pou yo kab lafimen.

6 parèt 144:6 Sòm 18:14eklè pou gaye yo.

Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.

7 Lonje men Ou soti anwo.

m sekou!

Delivre m sòti nan gwo dlo yo,

nan men 144:7 Sòm 18:44 etranje yo ak

8 bouch kap pale manti yo e 144:8 Jen 14:22men

dwat a sila ki se men dwat a manti yo.

9 Mwen va chante yon 144:9 Sòm 33:3chan tounèf a Ou menm, O Bondye;

Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,

10 Ki konn sove wa yo, ki David, sèvitè Li a,

144:10 II Sam 18:7 chape de nepe lanmò a.

11 m sekou e delivre m de men a 144:11 Sòm 18:44etranje yo,

Bouch a sila ki pale desepsyon yo,

e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.

12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,

e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.

13 Kite 144:13 Pwov 3:9-10depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.

Kite twoupo nou yo pwodwi milye e di milye nan chan nou yo.

14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.

Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e

nanpwen moun k ap 144:14 És 24:11rele "anmwey" nan lari nou yo.

15 A la beni pèp ki ranje konsa beni!

A la 144:15 Sòm 33:12beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também