Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 71

1 71:1 Sòm 25:2-3 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.

Pa janm kite mwen vin wont.

2 71:2 Sòm 31:1 Nan ladwati Ou, delivre mwen e m sekou.

Panche zòrèy Ou kote m e sove mwen.

3 Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an,

kote mwen kab vini tout tan.

Ou te pase lòd pou sove mwen,

paske Ou se 71:3 Sòm 18:2wòch mwen ak sitadèl mwen.

4 71:4 Sòm 140:1-4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,

m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,

5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,

Ou se 71:5 Sòm 22:9 konfyans mwen soti nan jenès mwen.

6 Pa Ou menm, mwen te twouve 71:6 Sòm 22:10 soutyen depi m te fèt.

Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.

Tout tan se Ou menm ke m louwe.

7 Mwen parèt kon yon 71:7 És 8:18 mèvèy pou anpil moun,

men se Ou ki refij mwen.

8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

ak 71:8 Sòm 96:6 glwa Ou tout lajounen.

9 Pa jete mwen akote nan 71:9 Sòm 71:18 tan vyeyès mwen.

Pa abandone mwen fòs mwen vin febli.

10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.

Sila k ap veye pou pran lavi m yo 71:10 Sòm 31:13 ap pran konsèy ansanm,

11 Y ap di: 71:11 Sòm 3:2 "Bondye fin abandone li.

Annou kouri dèyè l, e sezi li.

Paske nanpwen moun ki pou delivre l."

12 O Bondye, 71:12 Sòm 10:1 pa rete lwen mwen.

O Bondye m, vit a sekou mwen!

13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt.

Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap 71:13 Est 9:2chache blese mwen.

14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.

Mwen va 71:14 Sòm 71:8bay Ou lwanj plis toujou.

15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,

ak sali Ou tout lajounen,

menmsi mwen 71:15 Sòm 40:5pa kab fin konnen

fòs valè tout jou sa yo.

16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.

Mwen va 71:16 Sòm 51:14pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.

17 O Bondye, Ou 71:17 Det 4:5 te enstwi mwen depi jenès mwen.

Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.

18 Wi, menm m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,

jiskaske mwen fin 71:18 Sòm 22:31deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,

ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.

19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.

Ou menm ki te gwo bagay yo.

O Bondye, se 71:19 Det 3:24kilès ki tankou Ou menm?

20 Ou menm ki te m anpil twoub ak gwo pwoblèm,

va m viv.

Ou va mennen mwen monte soti nan 71:20 Sòm 86:13fon yo.

21 Ke Ou lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.

22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.

A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,

O 71:22 II Wa 19:22Sila Ki Sen an Israël la.

23 Lèv mwen va rele ak jwa mwen chante lwanj a Ou menm

pou 71:23 Sòm 34:22 nanm mwen ke Ou te rachte a.

24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.

Paske yo wont, yo imilye,

Sila ki te chache m mal yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também