Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 76

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd

Yon Sòm Asaph, yon Chanson

1 Bondye byen rekonèt nan Juda.

Non Li 76:1 Sòm 99:3gran an Israël.

2 Tabènak Li a nan Salem.

76:2 Sòm 27:5 Abitasyon Li an osi nan Sion.

3 La, Li te 76:3 Sòm 46:9 kase flèch dife yo,

boukliye ak nepe ak zam lagè yo.

4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn

ak bèt lachas yo.

5 Sila ak 76:5 És 10:12 gran kouraj yo te piyaje,

yo te fonse tonbe nan dòmi a.

Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.

6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,

ni 76:6 Egz 15:1-21 chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.

7 Ou menm, Ou merite lakrent.

Se 76:7 Esd 9:15 kilès ki kab kanpe nan prezans Ou Ou fache?

8 Ou te jijman tande soti nan syèl la.

Latè te 76:8 I Kwo 16:30 krent, e te kanpe rete an plas

9 Bondye te leve nan jijman an,

pou sove tout enb sou latè yo. Tan

10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.

Se retay kòlè pa W, ki sispann mal.

11 76:11 Ekl 5:4-6 ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.

Kite tout sila ki antoure Li yo

mennen don a Sila ki merite lakrent lan.

12 Li va koupe retire nanm a prens yo.

Wa latè yo 76:12 Sòm 47:2 gen lakrent Li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também