Publicidade

Salmos 56

Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.
Chante pa melodi "Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An"

1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;

Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.

2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.

Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.

3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!

Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

Mwen p ap pè.

Kisa lòm ka fè m?

5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo.

Tout panse yo kont mwen se pou mal.

6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo.

Y ap tann pou rache lavi m.

7 Akoz mechanste sa a, jete yo deyò.

Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!

8 Ou te byen konte tout egare mwen fè.

Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.

Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?

9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a.

Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.

10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li.

Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.

11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?

12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.

Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.

13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò.

Ou te anpeche pye mwen glise tonbe,

pou m ta kab mache devan Bondye

nan limyè a moun vivan yo.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-