Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 147

1 Louwe SENYÈ a!

Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

Paske se agreyab epi lwanj Li se 147:1 Sòm 33:1dous.

2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.

Li 147:2 Det 30:3ranmase egzile Israël yo.

3 Li geri sila ak 147:3 Sòm 34:8kase yo e mete pansman sou blesi yo.

4 Li konte fòs kantite zetwal yo.

Li 147:4 És 40:26bay non a yo tout.

5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

147:5 És 40:28 Bon konprann Li an san limit nèt.

6 SENYÈ a bay 147:6 Sòm 37:24soutyen a aflije yo.

Li mechan yo bese desann jis rive atè.

7 147:7 Sòm 33:2 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

ki 147:8 Job 5:10founi lapli pou a,

ki zèb yo grandi sou mòn yo.

9 Li bay bèt la manje li,

ak 147:9 Job 38:41jenn kòbo k ap kriye yo.

10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.

Li 147:10 I Sam 16:7pa pran plezi nan janm a moun.

11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,

147:11 Sòm 33:18 sila ki tann lanmou dous Li yo.

12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!

Louwe Bondye ou a, O Sion!

13 Paske Li te fòtifye ba nan pòtay ou yo;

Li te 147:13 Sòm 37:26 beni fis ou yo anndan w.

14 Li 147:14 Sòm 29:11lapè anndan lizyè ou yo.

Li satisfè ou ak meyè kalite ble.

15 Li voye lòd Li sou latè.

147:15 Sòm 104:4 Pawòl Li kouri byen vit.

16 Li bay lanèj kon lenn.

Li gaye 147:16 Job 38:29lawouze glase kon sann.

17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.

Se kilès ki kab kanpe devan 147:17 Job 37:9fredi Li a?

18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.

Li 147:18 Sòm 107:25van Li soufle e dlo yo koule.

19 Li 147:19 Det 33:3-4deklare pawòl Li yo a Jacob,

règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.

20 Li 147:20 Det 4:7-34pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.

Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.

Louwe SENYÈ a!

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também