Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 64

Pou direktè koral la. Yon Sòm David.

1 Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an.

64:1 Sòm 140:1 Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.

2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo,

kont boulvèsman a 64:2 Sòm 59:2sila ki mechanste yo.

3 Ki te file lang yo tankou nepe.

Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,

4 pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo.

Sibitman yo tire sou li, san lakrent.

5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo.

Yo pale sou 64:5 Sòm 140:5 pyèj ke y ap fòme an sekrè yo.

Yo di: "Se kilès ki kab yo?"

6 Yo manèv pou enjistis e di:

"Nou prè pou yon konplo byen fòme".

Paske panse lenteryè a moun se byen fon.

7 Men 64:7 Sòm 7:12-13 Bondye va tire sou yo avèk yon flèch.

Sibitman, yo va blese.

8 Konsa, yo va 64:8 Sòm 9:3 chape tonbe.

Pwòp lang pa yo va kont yo.

Tout moun ki yo va souke tèt yo.

9 Nan moman sa a, tout moun va krent.

Konsa, yo va 64:9 Jr 51:10 deklare zèv Bondye yo.

Ak sajès yo va konsidere sa Li te a.

10 Nonm ladwati a va 64:10 Job 22:19 kontan nan SENYÈ a!

Yo va pran refij nan Li,

epi tout moun dwat yo va kontan.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também