Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 85

Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo

1 O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.

Ou te 85:1 Egz 1:11 restore kaptivite a Jacob la.

2 Ou te 85:2 Nonb 14:19 padone inikite a pèp Ou a.

Ou te kouvri tout peche yo.

3 Ou te retire tout gran kòlè Ou.

Ou te 85:3 Egz 32:12 detounen kòlè Ou ki brile a.

4 Restore nou, O Bondye a sali nou an,

e 85:4 Dan 9:16 endiyasyon Ou anvè nou, sispann.

5 Èske 85:5 Sòm 74:1 Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?

Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?

6 Èske se pa Ou menm ki pou nou 85:6 Sòm 71:20 reprann ankò?

Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?

7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.

85:7 Sòm 106:4 Pèmèt nou resevwa sali Ou a.

8 Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.

Paske La p 85:8 Sòm 29:11 pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,

men pa kite yo retounen nan foli yo.

9 Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,

pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.

10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.

85:10 Sòm 72:3 Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.

11 Verite 85:11 És 45:8 vòltije sòti nan latè, e

Ladwati veye depi anwo nan syèl la.

12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,

e 85:12 Lev 26:4 peyi nou an va bay rekòlt li.

13 Ladwati va mache devan L.

L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também