Publicidade

Salmos 84

Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.

1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!

2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.

Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e

iwondèl la yon nich pou li menm,

kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo,

Oh Wa m ak Bondye m.

4 A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!

Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.

5 A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou,

Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.

6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous;

Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.

Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.

8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.

Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan

9 Gade byen boukliye nou an.

Gade sou vizaj onksyone Ou a.

10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,

pi bon pase mil jou deyò.

Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an,

pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.

SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

12 O SENYÈ dèzame yo!

A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-