1 Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li 149:1 Sòm 35:18nan asanble fidèl Li yo.
2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan 149:2 Jij 8:23Wa yo a.
3 Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk 149:3 Egz 15:20tanbouren ak gita.
4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va 149:4 Sòm 132:16anbeli enb yo avèk sali Li.
5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
6 Ke 149:6 Sòm 66:17 gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
7 pou 149:7 Éz 25:17fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
8 pou mare wa yo ak chenn,
ak 149:8 Na 3:10moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
9 pou 149:9 Det 7:12egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!