Yon Sòm Asaph
1 Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.
Li rele lemonn lan soti nan 50:1 Sòm 113:3 leve solèy la
jis rive nan kote li kouche a.
2 Soti nan Sion, 50:2 Sòm 48:2bèlte pafè a,
Bondye fè limyè Li parèt.
3 Bondye nou 50:3 Sòm 96:13vin parèt.
Li pa rete an silans.
Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
4 Li 50:4 Det 4:26rele tout syèl yo anwo,
avèk latè pou jije pèp Li a:
5 "Rasanble fidèl Mwen yo kote M,
Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
6 Epi syèl yo deklare ladwati Li,
paske 50:6 Sòm 75:7Bondye, Li menm, se Jij. Tan
7 "Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.
O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.
Mwen se Bondye, 50:7 Egz 20:2Bondye pa ou a.
8 Mwen pa 50:8 Sòm 40:6repwoche ou pou sakrifis ou yo.
Ofrann brile nou yo devan m tout tan.
9 Mwen pa bezwen okenn 50:9 Sòm 69:31jenn towo sòti lakay ou,
Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
10 Paske 50:10 Sòm 104:24tout bèt nan forè yo se pou mwen,
ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
11 Mwen konnen tout 50:11 Mat 6:26zwazo nan mòn yo.
Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,
paske tout 50:12 Egz 19:5mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
13 Èske m ta manje chè 50:13 Sòm 50:9towo yo,
oswa bwè san a mal kabrit yo?
14 Ofri a Bondye 50:14 Sòm 27:6yon sakrifis remèsiman
e peye ve ou yo a Pi Wo a.
15 Rele Mwen nan jou twoub la.
Mwen va 50:15 Sòm 81:7delivre ou e ou va onore M."
16 Men a mechan yo Bondye di:
"Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,
pou pran 50:16 És 29:13akò Mwen an nan bouch ou?
17 Paske ou 50:17 Pwov 5:12rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,
epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.
50:19 Sòm 36:3 Lang ou fè ankadreman pou manti.
20 Ou chita 50:20 Job 19:18pale kont frè ou.
Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.
21 Bagay sa yo, ou te fè yo,
e Mwen pa t di yon mo.
Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.
Mwen va 50:21 Sòm 90:8repwoche ou
e pale ka a an lòd devan zye ou.
22 Alò, konsidere sa, nou menm ki 50:22 Job 8:13bliye Bondye,
oswa, Mwen va chire nou an mòso,
e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
23 Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,
epi a sila ki fè chemen li dwat la,
Mwen va montre li sali Bondye a."