Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 49

Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo

1 Tande sa, tout pèp yo!

Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond la!

2 Ni 49:2 Sòm 62:9ba, ni wo, rich ak malere ansanm.

3 Bouch mwen va 49:3 Sòm 37:30pale sajès,

epi meditasyon a m va vin konprann.

4 Mwen va apiye zòrèy mwen yon pwovèb.

Mwen va eksprime yon 49:4 Nonb 12:8 devinèt sou ap la.

5 Poukisa mwen ta gen 49:5 Sòm 23:4krent nan move jou yo,

inikite a lènmi m yo antoure m?

6 Malgre sila ki 49:6 Job 31:24mete konfyans nan richès yo,

ak ògeye nan kantite fòs lajan yo

7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen 49:7 Mat 25:8-9sove frè li,

ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.

8 Paske 49:8 Mat 16:26redanmsyon nanm li koute chè.

Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,

9 pou l ta 49:9 Sòm 22:29viv toujou jis pou letènite,

pou li 49:9 Sòm 16:10 pa ta janm tonbe nan pouriti menm.

10 Paske li ke menm moun saj yo mouri.

Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.

Yo 49:10 Sòm 39:6kite byen yo pou lòt yo.

11 Yo 49:11 Jen 4:17reflechi anndan yo ke kay yo se pou tout tan,

epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.

Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.

12 Men yon 49:12 Sòm 49:20nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.

Li tankou bèt yo ki peri.

13 Konsa, sa se 49:13 Jr 17:11chemen a sila ki manke sajès yo,

ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.

14 Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò.

Lanmò va bèje yo.

Moun dwat yo va domine sou yo nan maten.

Men fòm yo va 49:14 Job 24:19fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.

15 Men 49:15 Jen 5:24Bondye va rachte nanm mwen soti

pouvwa a sejou lanmò a,

paske Bondye va resevwa m.

16 Ou pa bezwen 49:16 Sòm 37:7yon nonm vin rich,

glwa lakay li vin ogmante.

17 Paske l mouri li p ap pote anyen ale.

Glwa li a p ap swiv li desann.

18 Sepandan, pandan l ap viv, li 49:18 Det 29:19bat bravo pou pwòp tèt li

Malgre moun ta bay ou glwa ou byen pou pwòp tèt ou

19 li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo.

Yo p ap janm 49:19 Job 33:30limyè an.

20 Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li,

poutan, san konprann,

Se tankou bèt ki peri.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também