Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 81

Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!

Rele ak jwa a 81:1 Sòm 84:8Bondye a Jacob la!

2 Leve yon chan, bat 81:2 Egz 15:20 tanbouren an,

gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.

3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,

sou plèn lin nan, nan jou 81:3 Lev 23:24fèt nou an.

4 Paske se yon règleman Israël,

yon òdonans a Bondye Jacob la.

5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph

li te 81:5 Egz 11:4 ale toupatou nan peyi Égypte la.

Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.

6 Mwen te retire fado a sou zepòl li.

Men li yo te vin lib panyen an.

7 Ou te 81:7 Egz 2:23 rele nan twoub la e Mwen

te ou sekou.

Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.

Mwen te ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan

8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.

O Israël, si ou 81:8 Sòm 95:7 ta koute Mwen!

9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.

Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.

10 81:10 Egz 20:2 Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,

ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.

Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.

11 Men pèp Mwen an 81:11 Det 32:15 pa t koute vwa M.

Ni Israël pa t obeyi Mwen.

12 Akoz sa, Mwen te 81:12 Job 8:4 lage yo a di yo,

pou mache nan pwòp manèv yo.

13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,

ke Israël ta 81:13 Sòm 128:1 mache nan vwa Mwen yo!

14 Mwen ta 81:14 Sòm 18:47 soumèt lènmi yo byen vit

e ta vire men m kont advèsè yo.

15 81:15 Wo 1:30 Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm

e pinisyon yo ta pou tout tan.

16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk 81:16 Det 32:14 pi bon kalite ble a.

Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também