Publicidade

Salmos 142

Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè

1 Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.

Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.

2 Mwen vide plent mwen yo devan L.

Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.

3 lespri m te fin bat anndan m,

Ou te konnen chemen mwen.

Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.

4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.

Nanpwen moun ki pou fè m chape.

Nanpwen moun ki pou pran swen m.

5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

Mwen te di "Se Ou menm ki sekou mwen,

pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo."

6 "Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.

Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,

paske yo twò fò pou mwen.

7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,

pou m kab bay remèsiman a non Ou.

Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,

paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-