Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 45

Pou direktè koral la; selon "Flè Lis Yo." Yon Sòm a fis a Koré yo.

Yon Chanson Fèt Maryaj

1 m debòde avèk yon bèl sijè.

Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.

Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.

2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo.

45:2 Luc 4:22 Lagras debòde sou lèv ou.

Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.

3 Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an,

nan bèlte Ou avèk majeste Ou!

4 Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa.

Pou koz verite avèk 45:4 So 2:3imilite, avèk ladwati,

kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.

5 Flèch Ou yo filè.

Tout nasyon yo tonbe anba Ou,

epi flèch Ou yo 45:5 II Sam 18:14 lantre nan lènmi a Wa a.

6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;

Baton 45:6 Sòm 98:9 ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.

7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.

Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,

te 45:7 Sòm 2:2onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.

8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.

Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin Ou kontan.

9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.

Sou 45:9 I Wa 2:19men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an ki sòti Ophir a.

10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou.

45:10 Det 21:13 Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.

11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou.

Akoz li se senyè ou, 45:11 Ef 5:33vin bese ba devan L.

12 Fi 45:12 Sòm 87:4Tyr la va vini avèk yon kado.

Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.

13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan.

Vètman li 45:13 Egz 39:2-3trese antre sòti avèk .

14 Li va 45:14 So 1:4mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri.

Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen kote Ou.

15 Yo va mennen parèt avèk kontan ak anpil rejwisans.

Yo va antre nan palè a wa a.

16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo.

Ou va yo prens sou tout latè.

17 Mwen va 45:17 Mal 1:11non Ou sonje nan tout jenerasyon yo.

Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou

remèsiman pou tout tan e pou tout tan.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também