Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 73

Yon Sòm Asaph

1 Anverite, Bondye bon a Israël,

a sila avèk ki 73:1 Sòm 24:4 san tach yo!

2 Men pou mwen, 73:2 Sòm 94:18 pye m te prèt pou glise tonbe,

Pa m yo te prèt pou chape.

3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,

m te jan 73:3 Job 21:7mechan yo te byen reyisi.

4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e yo byen gra.

5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,

ni yo pa toumante tankou limanite.

6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl 73:6 Jen 41:42 kolye.

Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.

7 Zye yo anfle nan mitan 73:7 Job 15:27 grès yo.

Imajinasyon a yo dechennen nèt.

8 Yo 73:8 Sòm 1:1 giyonnen moun.

Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.

Yo pale konsi se anwo sa soti.

9 Nan bouch 73:9 Rev 13:6 yo rive nan syèl la,

pandan lang yo gwo pwomnad sou tout latè.

10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,

e yo kontinye bwè 73:10 Sòm 23:5 gran sous yo nèt.

11 Yo di: "Kòman Bondye konnen?

Eske gen konesans kote Pi Wo a?"

12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.

Konsi, toujou 73:12 Jr 49:31 alèz, yo te agrandi richès yo.

13 Anverite, 73:13 Job 21:15 se an ven mwen te kenbe m san tach,

ak lave men m nan inosans.

14 Paske mwen te twouble tout lajounen

e te resevwa 73:14 Job 33:9 chatiman chak maten.

15 Si mwen te di: "Mwen va pale konsa,"

gade byen, mwen ta trayi 73:15 Sòm 14:5 jenerasyon pitit Ou yo.

16 m te 73:16 Ekl 8:17 reflechi pou konprann sa, zye m pa t klè menm.

17 Men jis m te antre nan sanktiyè Bondye a,

mwen te vin konprann jan yo ta 73:17 Sòm 37:38 fini.

18 Anverite, Ou te mete yo kote ki 73:18 Sòm 35:6 glise anpil.

Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.

19 Men kijan yo va 73:19 Nonb 16:21 detwi nan yon enstan!

Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!

20 Tankou yon rèv moun leve, O SENYÈ,

Ou leve, Ou va 73:20 I Sam 2:30 meprize pwòp fòm yo.

Ou va rayi rèv de lespri yo.

21 m te vin anmè,

e m te 73:21 Trav 2:37 pike anndan m,

22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.

Mwen te tankou yon 73:22 Job 18:3bèt devan Ou.

23 Sepandan, 73:23 Sòm 16:8 mwen avè W tout tan.

Ou te kenbe men dwat mwen.

24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

e apre, 73:24 Jen 5:24resevwa mwen nan laglwa.

25 73:25 Sòm 16:2 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

26 73:26 Sòm 38:10 Chè mwen avèk mwen kab fayit,

men Bondye se fòs mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va 73:27 Sòm 37:20 peri.

Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.

28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

Mwen te Senyè a, BONDYE a, 73:28 Sòm 14:6refij mwen,

Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também