Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
1 Ke Bondye ka fè nou gras,
67:1 Nonb 6:25 beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,
ak 67:2 És 52:10sali Ou pami tout nasyon yo.
3 Kite 67:3 Sòm 66:4 pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e 67:4 Sòm 47:8gide nasyon yo sou tè a. Tan
5 Kite 67:5 Sòm 67:3 pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
6 67:6 Lev 26:4 Latè te bay pwodwi li.
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
7 Bondye ap toujou beni nou.
67:7 Sòm 22:27 Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.