Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 124:1 Sòm 94:17 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
kite Israël di koulye a,
2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
lè lezòm te leve kont nou yo,
3 Alò, yo t ap gen tan fin 124:3 Nonb 16:30vale nou tou vivan,
lè kòlè yo te limen kont nou an.
4 Nan lè sa a, 124:4 Job 22:11dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.
Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
5 Nan lè sa a, 124:5 Job 38:11dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou 124:6 Sòm 27:2chire nan dan yo.
7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo
ki sòti nan 124:7 Sòm 91:3pèlen a moun k ap fè lachas yo.
Pèlen an fin kase e nou chape.
8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te
124:8 Jen 1:1 fè syèl la ak tè a.