Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 43

1 43:1 Sòm 26:1 Deklare m inosan, O Bondye mwen!

Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.

O delivre mwen soti nan men

a lezòm mantè e enjis yo!

2 Paske Ou se Bondye fòs mwen an.

Poukisa Ou rejte m?

Poukisa mwen 43:2 Sòm 42:9dèy akoz opresyon a lènmi an?

3 Voye 43:3 Sòm 36:9limyè Ou deyò avèk verite Ou;

kite yo mennen mwen.

Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.

4 Konsa, mwen va ale lotèl Bondye a,

Bondye 43:4 Sòm 21:6lajwa m ki depase limit lan.

Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,

O Bondye, Bondye mwen an.

5 43:5 Sòm 42:5-11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

E poukisa ou twouble anndan m?

Mete espwa ou nan Bondye!

Paske m ap louwe Li ankò:

O sove m, soutyen mwen an,

ak Bondye m.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também