Yon chanson pou monte vè tanp lan
1 120:1 Sòm 18:6 Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.
Li te reponn mwen.
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O 120:3 Sòm 52:4lang mansonjè?
4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a 120:5 Jen 10:2Méschec,
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki
120:6 Sòm 35:20 rayi lapè yo pandan twòp tan.
7 Mwen 120:7 Sòm 109:4vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.