Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 96

1 Chante a SENYÈ a yon 96:1 Sòm 40:3 chan tounèf!

Chante a SENYÈ a tout latè a.

2 Chante a SENYÈ a!

Beni non Li!

96:2 Sòm 71:15 Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

3 Pale 96:3 Sòm 145:12 glwa Li pami nasyon yo,

zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

4 Paske gran se SENYÈ a!

Li merite gran lwanj.

Fòk Li resevwa krentif nou 96:4 Sòm 95:3pi wo ke tout dye yo.

5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,

men SENYÈ a te syèl yo.

6 96:6 Sòm 104:1 Tout bèlte ak majeste devan L.

Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.

7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,

96:7 I Kwo 16:28-29 bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.

8 Bay a SENYÈ a 96:8 Sòm 79:9 glwa a non Li.

Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.

9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.

96:9 Sòm 33:8 Tranble devan L, tout latè a.

10 Pale pami nasyon yo, "SENYÈ a renye."

Anverite, mond lan etabli byen solid.

Li p ap ebranle menm.

SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.

11 Kite 96:11 Sòm 69:34 syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.

Kite lanmè a gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.

12 Kite chan yo leve kontan, ak tout sa ki ladann yo.

Epi tout 96:12 És 44:23 bwa nan forè yo va chante ak jwa

13 devan SENYÈ a, paske La p vini.

Paske La p vini pou jije latè. 96:13 Rev 19:11 Li va jije mond lan

avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também