Publicidade

Salmos 86

Yon priyè a David

1 Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.

Paske mwen aflije e malere.

2 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.

Ou menm, Bondye mwen an,

sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.

3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske

se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.

4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,

paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

5 Paske Ou menm, Senyè a,

Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,

ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

ki rele sou non Ou yo.

6 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.

Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.

7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,

paske Ou va reponn mwen.

8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.

9 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

adore devan Ou, O Senyè,

e yo va bay non Ou glwa.

10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye.

Se Ou sèl ki Bondye.

11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

Mwen va mache nan verite Ou.

Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

12 Mwen va ba Ou remèsiman,

O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,

e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

14 O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen,

yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.

Yo pa mete Ou devan yo.

15 Men Ou menm, O SENYÈ,

Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

16 Vire vè mwen e fè m gras.

O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,

e fè sekou a fis a sèvant Ou a.

17 Montre m yon sign bonte Ou,

pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.

Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-