Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 91

1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan 91:1 Sòm 17:8lonbraj Toupwisan an.

2 Mwen va di a SENYÈ a:

"Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

Se nan Li mwen mete 91:2 Sòm 25:2konfyans!"

3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

ak 91:3 I Wa 8:37 ravaj gwo maladi yo.

4 Li va 91:4 És 51:16 kouvri ou ak plim Li yo.

Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

5 Ou p ap laperèz lannwit, ni 91:5 Sòm 64:4flèch k ap vole lajounen,

6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

ni destriksyon ki devaste a midi.

7 Yon milye kapab tonbe kote dwat ou,

ak di mil sou men agoch ou,

men 91:7 Jen 7:23 sa p ap pwoche ou.

8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou

91:8 Sòm 37:34 rekonpans a mechan yo.

9 Paske ou te SENYÈ a, vin 91:9 Sòm 91:2 sekou ou,

menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

10 91:10 Pwov 12:21 Nanpwen mal k ap rive ou,

Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

11 Paske Li va bay 91:11 Sòm 34:7 zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

pou veye ou nan tout chemen ou yo.

12 Yo va 91:12 Mat 4:6 leve ou byen wo nan men yo,

pou ou pa frape pye ou kont wòch.

13 Ou va 91:13 Jij 14:6 pile sou lyon an ak koulèv la.

Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.

14 Paske li te renmen M konsa,

pou sa, Mwen va delivre li.

Mwen va 91:14 Sòm 59:1 mete li byen solid an wo,

akoz li te rekonèt non Mwen.

15 Li va 91:15 Job 12:4 apèl non Mwen e Mwen va reponn li.

Mwen va avèk Li nan tan twoub la.

Mwen va delivre li e bay li lonè.

16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,

e kite li sali mwen.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também