Publicidade

Salmos 53

Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David

1 Moun fou a di nan kè li: "Nanpwen Bondye".

Yo konwonpi!

Yo fè zak enjis ki abominab.

Nanpwen ki fè sa ki bon.

2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,

pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.

3 Yo tout te vire akote.

Ansanm yo vin konwonpi.

Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.

4 Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,

ka p manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,

epi ki pa rele Bondye?

5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,

paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.

Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.

6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion!

Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,

kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-