Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 122

Yon Sòm pou monte tanp lan. Yon Sòm David.

1 Mwen te kontan yo te di mwen,

"Annou 122:1 Sòm 42:4ale lakay SENYÈ a."

2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!

3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki 122:3 II Sam 5:9kole dyanm ansanm,

4 sou sila, tribi yo konn 122:4 Egz 23:17monte, menm tribi a SENYÈ yo,

yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.

5 Paske la, 122:5 Det 17:8twòn yo te plase pou jijman,

twòn lakay David yo.

6 Priye pou lapè Jérusalem.

Sila ki renmen ou yo va 122:6 Sòm 102:14pwospere.

7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan 122:7 Sòm 48:3-13palè ou yo.

8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,

122:8 I Sam 25:6 "Ke lapè anndan ou".

9 122:9 Né 2:10 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também