Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 108

Yon chan. Yon Sòm David

1 108:1 Sòm 57:7-11 m fèm, O Bondye; mwen va chante.

Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.

2 leve ap avèk lir!

Mwen va leve solèy la!

3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.

Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.

4 Paske lanmou dous Ou a gran 108:4 Sòm 113:4pase syèl yo,

e verite Ou rive jis nan syèl yo.

5 108:5 Sòm 57:5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout a.

6 108:6 Sòm 60:5-12 Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.

Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!

7 Bondye te pale nan sentete Li a: "Mwen va leve wo,

Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.

8 Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.

Ephraïm se kas sou tèt Mwen.

108:8 Jen 49:10 Juda se baton wayal Mwen.

9 Moab se basen lesiv Mwen.

Sou Edom, Mwen va jete soulye M.

Sou Philistie, Mwen va rele byen ."

10 Se 108:10 Sòm 60:9kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?

Kilès ki va mennen M Edom?

11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te 108:11 Sòm 44:9rejte nou an?

Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?

12 O bannou sekou kont advèsè a,

paske delivrans a lòm se anven.

13 Avèk Bondye, nou va zèv vanyan.

108:13 És 60:12 Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também