Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 105

1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

zèv Li yo 105:1 Sòm 145:12rekonèt pami pèp yo.

2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

105:2 Sòm 77:12 Pale sou tout mèvèy Li yo.

3 Bay non Li glwa!

Kite 105:3 Sòm 33:21 a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

4 Chache SENYÈ a ak fòs Li.

105:4 Sòm 27:8 Chache fas Li san rete.

5 Sonje mèvèy ke Li te yo,

mirak Li yo avèk 105:5 Sòm 119:13jijman ke bouch Li te pale yo.

6 O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la,

sila ke Li te 105:6 I Kwo 16:13chwazi yo!

7 Li se SENYÈ a, Bondye nou an.

105:7 És 26:9 Jijman Li yo nan tout latè.

8 Li te sonje akò Li a jis pou tout tan,

pawòl ke Li te pase lòd bay pandan 105:8 Det 7:9mil jenerasyon.

9 Akò ke Li te avèk Abraham nan,

ak 105:9 Jen 26:3sèman ke Li te avèk Isaac la.

10 Li te 105:10 Jen 28:13-15konfime li a Jacob kon yon règleman,

a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.

11 Konsa Li te di: "A ou menm, Mwen va bay peyi

Canaan kon 105:11 Jos 23:4pòsyon eritaj ou,"

12 Sa te fèt se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye,

pa anpil menm, mele ak moun 105:12 Jen 23:4etranje yo ladann l.

13 Yo t ap mache toupatou

soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt,

soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.

14 Li 105:14 Jen 20:7pa t kite pèsòn peze yo.

Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:

15 105:15 Jen 26:11 "Pa touche onksyone mwen yo!

Pa pwofèt Mwen yo okenn mal!"

16 Li te 105:16 Jen 41:54rele gwo grangou rive nan peyi a.

Li te kraze sous pen an nèt.

17 Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.

18 Yo te aflije 105:18 Jen 39:20pye li ak chenn.

Joseph, pou kont li, te kouche nan yo,

19 jiskaske pawòl li te vin acheve.

105:19 Jen 40:20 Pawòl SENYÈ a te l kanpe janm.

20 105:20 Jen 41:14 Wa a te voye lage li.

Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.

21 Li te 105:21 Jen 41:40-44li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,

22 pou mete prens li yo nan prizon l te pito,

pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.

23 Israël osi te rive an Égypte.

Konsa Jacob te 105:23 Trav 13:7 vin demere nan peyi Cham nan.

24 SENYÈ a te pèp pa Li vin peple anpil.

Li te 105:24 Egz 1:7-9yo vin pifò ke advèsè yo.

25 Li te 105:25 Egz 1:8vire yo pou yo rayi pèp Li a,

pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.

26 Li te 105:26 Egz 3:10 voye Moïse, sèvitè Li a,

avèk Aaron ke Li te chwazi.

27 Yo te 105:27 Sòm 78:43-51zèv mèvèy Li yo pami yo,

avèk mirak nan peyi Cham yo.

28 Li te 105:28 Egz 10:21-22voye tenèb e te l fènwa.

Epi yo pa t rebèl kont pawòl Li yo.

29 Li te 105:29 Egz 7:20-21dlo yo devni san

e te pwason yo mouri.

30 Peyi yo te ranvaye avèk 105:30 Egz 8:6krapo,

menm jis rive nan chanm a wa yo.

31 Li te pale e te vin rive yon 105:31 Egz 8:16-21epidemi

mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo.

32 Li te bay yo 105:32 Egz 9:23-25lagrèl pou lapli,

avèk dife brile nan peyi yo.

33 Li te frape desann tout chan fwi yo e

te kraze fann pyebwa nan teritwa yo.

34 Li te pale e 105:34 Egz 10:12-15krikèt volan yo te vini.

Ak jenn krikèt san kontwòl.

35 Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo,

e te manje fwi a teren yo.

36 Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo,

105:36 Jen 49:3 premye fwi a fòs yo.

37 Li te yo sòti ak 105:37 Egz 12:35-36ajan ak .

Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.

38 Égypte te 105:38 Egz 12:33kontan yo te sòti,

paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.

39 Li te louvri yon 105:39 Egz 13:21nwaj kon kouvèti,

avèk dife ki pou klere nan nwit la.

40 Yo te mande e li te pote zòtolan pou

te satisfè yo avèk 105:40 Egz 16:15 pen syèl la.

41 Li te ouvri wòch la e 105:41 Egz 17:6dlo te sòti ladann.

Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.

42 Li te 105:42 Jen 15:13-14sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.

43 Konsa, Li te mennen sòti pèp Li a avèk jwa,

sila ke Li te chwazi avèk 105:43 Egz 15:1gwo kri ak kontan yo.

44 Li te 105:44 Jos 11:16-23bay yo, anplis, peyi a nasyon yo,

Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,

45 pou yo te kab 105:45 Det 4:1-40kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo.

Louwe SENYÈ a!

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também