Yon Sòm a Salomon
1 Bay a wa a 72:1 I Wa 3:9 sajès lajistis Ou, O Bondye,
ak ladwati Ou a fis a wa a.
2 Li va 72:2 És 9:7 jije pèp Ou a avèk ladwati,
e aflije Ou yo, avèk jistis.
3 Mòn yo va pote 72:3 És 2:4 lapè a pèp la,
e kolin yo, fwi ladwati a.
4 Li va jije malere a pèp la.
Li va fè sekou pou pitit a malere yo,
e kraze opresè a an mòso.
5 Yo va krent Ou 72:5 Sòm 72:17 pou tout tan ke solèy la klere
ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
6 Li va desann 72:6 Det 32:2 tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo,
tankou farinaj ki wouze tè a.
7 Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri,
avèk 72:7 És 2:4 lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.
8 Anplis, l ap renye jiskaske yon 72:8 Egz 23:31 lanmè rive nan yon lòt lanmè a,
e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
9 Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l,
e lènmi li yo 72:9 És 49:23 va niche pousyè a.
10 Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado.
Wa a Séba avèk 72:10 Jen 10:7 Saba yo ap ofri kado.
11 Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout 72:11 Sòm 86:9nasyon yo sèvi li.
12 Paske li va 72:12 Job 29:12 delivre malere a lè l kriye sekou;
aflije a tou, lè l san soutyen an.
13 Li va gen 72:13 Pwov 19:17 mizerikòd sou malere a avèk endijan an.
Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,
e san yo va chè nan zye Li.
15 Konsa, li va viv, e 72:15 És 60:6 lò a Séba va bay a li menm.
Moun va priye pou li san rete.
Yo va beni li tout lajounen.
16 Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a,
fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo.
Sa ki nan vil yo va fleri tankou 72:16 Job 5:25 vèdi latè.
17 Non li va dire jis pou tout tan.
Non li va la 72:17 Sòm 89:36 toutotan solèy la ap briye a.
Tout lezòm va beni pa li.
Tout nasyon yo va rele li beni.
18 Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la!
Li sèl ki fè mèvèy!
19 Beni se 72:19 Né 9:5 non laglwa Li jis pou tout tan!
Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li!
Amen e amen.
20 Priyè yo a David, fis la a Jesse fini.