Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 70

Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni

1 70:1 Sòm 40:13-17 O Bondye, vit pou delivre mwen.

O SENYÈ, vit pou ban m sekou!

2 70:2 Sòm 35:4-26 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye.

Kite sila ki pran plezi nan m mal yo vire bak ak dezonè.

3 70:3 Sòm 40:15 Kite sila ki di: "ah, ah!" yo vire bak akoz wont yo.

4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e kontan nan Ou.

Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:

"Kite Bondye egzalte".

5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite.

70:5 Sòm 141:1 vit vin kote mwen, O Bondye!

Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.

O SENYÈ, pa mize.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também