Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 16

Yon Sòm David

1 Pwoteje m O Bondye, paske 16:1 Sòm 7:1mwen kache nan Ou.

2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.

Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;

sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.

4 Doulè a sila ki te donn a yon lòt dye va vin ogmante;

Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,

ni non yo 16:4 Egz 23:13 p ap sòti sou lèv mwen.

5 SENYÈ a se 16:5 Sòm 73:26pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;

Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.

6 16:6 Sòm 78:55 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.

Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.

7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.

Anverite, 16:7 Sòm 77:6panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.

8 16:8 Sòm 16:8-11 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

9 Pou sa, 16:9 Sòm 4:7m kontan e glwa mwen rejwisans.

Anplis, chè m va toujou pwoteje.

10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen

nan sejou yo;

ni Ou p ap 16:10 Trav 13:35pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

11 Ou va m rekonèt 16:11 Sòm 139:24chemen lavi a.

Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também