Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 83

Yon Chan. Yon Sòm Asaph

1 O Bondye, 83:1 Sòm 28:1 pa rete an silans.

Pa silans, O Bondye.

Pa rete trankil.

2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap zen.

Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.

3 Yo plan malen kont pèp Ou a.

Yo konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.

4 Yo te di: "Vini, 83:4 Est 3:6 annou disparèt yo nèt kon nasyon,

pou non Israël la pa sonje ankò menm."

5 Paske yo te 83:5 Sòm 2:2 konplo ansanm ak yon sèl panse.

Kont Ou menm, yo yon akò.

6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,

7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;

8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,

yo te prete lamen a 83:8 Det 2:9 pitit a Lot yo. Tan

9 Aji avèk yo 83:9 Jij 7:1-24 tankou Madian,

tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!

10 Ki te fin detwi nan En-Dor,

ki te 83:10 So 1:17 vin tankou fimye sou latè.

11 tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb

e tout prens yo tankou 83:11 Jij 8:12-21 Zébach avèk Tsalmunna,

12 Ki te di: 83:12 II Kwo 20:11 "Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou."

13 O Bondye mwen, yo tankou pousyè toubiyon!

Tankou pay devan van!

14 Tankou 83:14 És 9:18 dife ki brile forè a, ak flanm ki

limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.

15 Konsa, kouri dèyè yo 83:15 Job 9:17 avèk tanpèt Ou

e teworize yo ak gwo siklòn Ou.

16 83:16 Job 10:15 Plen figi yo ak gwo wont,

pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.

17 Kite yo vin 83:17 Sòm 35:4 wont e dekouraje jis pou tout tan.

Wi, kite yo imilye e peri,

18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl

ki pote non "Bondye", 83:18 Sòm 9:2 Pi Wo sou tout a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também