Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 102

1 Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!

Epi kite kri sekou mwen 102:1 Egz 2:23rive kote Ou.

2 Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;

Panche zòrèy Ou kote m.

Nan jou ke m rele Ou a, 102:2 Sòm 69:17reponn mwen vit.

3 Paske jou m yo 102:3 Sòm 37:20te manje nèt nan lafimen,

e zo m te chofe tankou yon chemine.

4 m 102:4 Sòm 90:5-6fin frape tankou zèb.

Li fennen nèt.

Anverite, mwen bliye manje pen mwen.

5 Akoz gwo bri kri mwen yo,

102:5 Job 19:20 zo m yo kole sou chè m.

6 Mwen sanble ak yon 102:6 És 34:11grangozye nan dezè.

Mwen tankou yon frize nan gran savann.

7 Mwen 102:7 Sòm 77:4kouche zye tou louvri.

Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.

8 Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.

Sila ki 102:8 Trav 26:11moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.

9 Paske mwen te manje sann kon pen e

102:9 Sòm 42:3 mele bwason m ak dlo zye m,

10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.

Ou te 102:10 Job 27:21leve m wo e te jete m lwen.

11 Jou m yo tankou yon 102:11 Job 14:2lonbraj ki vin long.

Mwen vin fennen tankou zèb.

12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan

E 102:12 Egz 3:15non Ou jis a tout jenerasyon yo.

13 Ou va leve pou pitye sou Sion,

paske se pou 102:13 És 60:10li gras.

apwente a fin rive l.

14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.

Yo plen tristès akoz pousyè li.

15 Pou sa, 102:15 I Wa 8:43nasyon yo va krent non SENYÈ a,

e tout wa latè yo va krent glwa Ou.

16 Paske se SENYÈ a ki te 102:16 Sòm 142:2ranfòse Sion.

Li te parèt nan glwa Li.

17 Li te 102:17 Né 1:6prete atansyon a lapriyè malere yo,

e pa t meprize priyè yo.

18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.

Pou 102:18 Sòm 22:31yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.

19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.

102:19 Sòm 33:13 Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,

20 pou tande vwa plenyen a prizonye a,

pou 102:20 Sòm 146:7mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,

21 Pou lezòm ta kab 102:21 Sòm 22:22pale sou non SENYÈ a nan Sion,

e bay lwanj Li nan Jérusalem,

22 pandan 102:22 Sòm 22:27pèp yo rasanble ansanm ak

wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.

23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an.

Li 102:23 Sòm 39:5rakousi nonb de jou mwen yo.

24 Mwen te di: "O Bondye mwen an,

102:24 Sòm 39:13 pa rache m nan mitan jou mwen yo.

Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.

25 Depi tan ansyen yo, Ou te 102:25 Jen 1:1fonde latè,

e syèl yo se zèv lamen Ou yo.

26 Malgre yo 102:26 És 34:4peri, Ou menm va rete toujou.

Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.

Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.

27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.

Ane pa Ou yo p ap janm fini.

28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,

e desandan pa yo va etabli devan Ou."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também