Publicidade

Salmos 29

Yon sòm David

1 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,

bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.

Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo.

Bondye glwa la fè tonnè gwonde, eklate.

SENYÈ a sou anpil dlo.

4 Vwa SENYÈ a gen gwo fòs.

Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.

5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.

Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.

6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e

Sirion tankou yon jèn bèf mawon.

7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.

8 Vwa SENYÈ a souke savann nan.

Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.

9 Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit.

Li fè forè a vin toutouni.

Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: "Glwa"!

10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.

Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.

11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.

SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-