Pular para o conteúdo
Publicidade

Sòm Yo 80

Pou direktè koral la; pou jwe a "Lis Akò Yo". Yon Sòm Asaph

1 O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la,

Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo,

Ou menm ki 80:1 Egz 25:22 chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.

2 Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, vire tout fòs Ou.

Vin bannou sekou!

3 O Bondye, restore nou!

80:3 Nonb 6:25 vizaj Ou briye sou nou

e nou va sove.

4 O Bondye dèzame yo,

80:4 Sòm 79:5 pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?

5 Ou te bay yo 80:5 Sòm 42:3 pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo.

Ou te yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.

6 Ou nou vin yon objè konfli devan 80:6 Sòm 44:13 vwazen nou yo.

Lènmi nou yo ri pami yo menm.

7 O Bondye dèzame yo, restore nou!

vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.

8 Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte.

Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te 80:8 Jr 11:17plante li la.

9 Ou te netwaye a devan l.

Li te 80:9 Os 14:5anrasine byen fon e te ranpli peyi a.

10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li.

80:10 Jen 49:22 Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.

11 Li te voye branch li yo rive 80:11 Sòm 72:8 jis nan lanmè,

ak boujon li yo jis nan Rivyè a.

12 Poukisa Ou te 80:12 Sòm 89:40 kraze tout kloti li yo,

pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?

13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann

e bèt sovaj chan an manje sou li.

14 O Bondye dèzame yo, vire bak depi koulye a,

nou sipliye Ou, souple.

80:14 Sòm 102:19 Gade soti anwo nan syèl la pou ,

e okipe pye rezen sila a.

15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a,

e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.

16 Li fin brile ak dife.

Li fin koupe atè nèt.

Yo peri ak repwòch devan Ou.

17 Kite 80:17 Sòm 89:21 men Ou rete sou nonm nan

ki se moun men dwat Ou a,

sou fis a lòm ke ou te pwisan pou Ou menm nan.

18 Konsa, nou p ap vire bak kite Ou.

nou leve ankò e nou va rele non Ou.

19 O SENYÈ dezame yo, restore nou.

figi Ou briye sou nou e nou va sove.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também