Espírito
O espírito humano é a parte mais profunda do nosso ser — onde Deus habita, onde a fé se ancora e de onde brota a verdadeira adoração. A Bíblia nos chama a viver pelo Espírito.
A natureza do espírito
O espírito está pronto, mas a carne é fraca. A batalha entre carne e espírito é constante e exige vigilância.
41 Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
17 Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle.
16 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
22 Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.23 Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
25 Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
6 Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
O Espírito de Deus em nós
Vosso corpo é templo do Espírito Santo. Deus fortalece com poder no homem interior pelo seu Espírito.
19 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.20 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
17 Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li.
11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.
15 Kisa m' pral fè koulye a? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou.
16 M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,17 pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
17 Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen.
15 Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.16 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.
16 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.
15 Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.
10 Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye.
14 Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.
26 Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
11 Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.
13 Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Vida no Espírito
Deus é Espírito e importa que os que o adoram o adorem em espírito e em verdade. O Espírito vivifica e transforma.
24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
23 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
18 Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.
1 Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
7 Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
7 Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
19 paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.
23 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè a, toujou avè nou.
Promessas do Espírito
Derramarei o meu Espírito sobre toda a carne. O Espírito revela, guia e capacita os filhos de Deus.
23 Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.
2 Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.
18 Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.19 Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
32 Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
27 Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.
6 Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
1 Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
19 M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.20 Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo.
5 Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò.
Cuidar do espírito
Cria em mim um coração puro e renova dentro de mim um espírito reto. O espírito quebrantado Deus não rejeita.
10 (51:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.11 (51:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.12 (51:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
17 (51:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
18 (34:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
3 Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.4 Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
12 Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
26 Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.
1 Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.
13 Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li.
13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.
3 Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak.4 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.2 Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.
8 Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!
6 Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.7 Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
2 Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.3 Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l' la la jouk sa kaba nèt.