Sinais do fim dos tempos
A Bíblia descreve sinais que precederão a volta de Jesus. Guerras, falsos mestres, sinais cósmicos e a pregação do evangelho a todas as nações — tudo aponta para o fim dos tempos.
Sinais proféticos
Este evangelho do Reino será pregado em todo o mundo e então virá o fim. Os sinais dos últimos tempos já se manifestam.
"Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
"Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
"Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa, epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
"Pou sa, men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj."
"Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
Os últimos dias
Nos últimos dias virão tempos difíceis, homens amantes de si mesmos. Mas derramarei o meu Espírito sobre toda a carne.
Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo.
‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,
nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,
e yo va pwofetize.
Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la,
ak sign anba sou latè;
san avèk dife, avèk vapè lafimen.
Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,
avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
E li va rive ke tout moun
ki rele Non Senyè a va sove.’
Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
Menm sou sèvitè ak sèvan yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
"Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la. Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
Esperança e prontidão
O dia do Senhor virá como ladrão. Mas nós não somos das trevas — estejamos sóbrios, vigiliando e esperando.
Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou lannwit. Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan."
Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.
Paske gade byen,
Mwen va kreye yon syèl tounèf,
ak yon tè tounèf;
epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,
ni p ap menm antre nan panse.
Men fè kè kontan e rejwi nou
jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;
paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,
e pèp li a pou kè kontan.
Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem.
Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an.
Epi p ap tande ankò nan li
vwa kriye ak son moun k ap kriye.
"Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt," pale SENYÈ Dèzame yo: "jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch. Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: "Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase."