Homem de Deus
O homem de Deus é aquele que busca a justiça, a piedade, a fé e o amor. A Bíblia apresenta modelos de homens íntegros que andaram com Deus e marcaram a história.
Características do homem de Deus
O homem de Deus foge das paixões e segue a justiça, a piedade, a fé, o amor, a perseverança e a mansidão.
Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
Exemplos bíblicos
Noé era justo e íntegro entre seus contemporâneos. Jó era homem reto que temia a Deus e se desviava do mal.
Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo.
Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.
Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.
Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;
men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
Viver como filho de Deus
Quem faz a vontade de Deus é eleito. Medite na Palavra e ande nos caminhos do Senhor como verdadeiro discípulo.
Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li.
Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
Beni se Ou menm SENYÈ a.
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Avèk lèv mwen, mwen te pale selon
tout òdonans bouch Ou yo.
Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,
konsi se nan tout richès yo.
Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,
e okipe chemen Ou yo.
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.
Mwen p ap bliye pawòl Ou.
GIMEL
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
Mechan yo pa konsa.
Yo tankou pay ke van an pouse ale.
Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
Paske SENYÈ a konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.
Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.