Jesus te ama
Jesus te ama — esta é a mensagem mais poderosa do universo. O amor de Cristo excede todo entendimento e nos alcança onde quer que estejamos, como somos.
O amor de Jesus
Ninguém tem maior amor do que aquele que dá a vida pelos amigos. Jesus demonstrou o amor supremo na cruz do Calvário.
13 Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
12 Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.
9 Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.
23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.
34 Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
Amados por Ele
Deus prova seu amor em que Cristo morreu por nós quando ainda éramos pecadores. O amor de Jesus é incondicional e eterno.
8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
2 Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
16 M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,17 pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,18 pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.19 Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
19 Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.
14 Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.