Publicidade

Frutos do Espírito

Por Bíblia Online

Os frutos do Espírito são evidências visíveis da presença de Deus na vida do crente. Amor, alegria, paz, paciência — são marcas que diferenciam os filhos de Deus no mundo.

O fruto do Espírito

O fruto do Espírito é amor, alegria, paz, paciência, amabilidade, bondade, fidelidade, mansidão e domínio próprio. Contra estas coisas não há lei.

Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, ki prev de sa k ap Senyè a plezi.

Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki lapè yo.

Donk Frè m yo, nou menm tou nan Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.

Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.

Permanecer em Cristo

Quem permanece em Cristo dá muito fruto. Toda árvore boa produz bons frutos — e é pelo fruto que se conhece a árvore.

Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.

"Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab anyen.

Konsa, Papa M ap resevwa glwa, nou pote anpil fwi. E konsa, nou prèv ke nou se disip Mwen yo.

"Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi. Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.

"Yon bon nonm, nan trezò a li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli li.

Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.

Semear e colher

Quem semeia na justiça colherá fruto de vida. Os frutos do Espírito são a colheita de uma vida plantada no Senhor.

Simen a nou menm anvè ladwati,

rekòlte selon ladousè.

Fann ki poze ou a;

se pou chache SENYÈ a

jis Li vin vide ladwati sou nou.

Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo,

paske yo va manje fwi a zèv yo.

Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a mòtèl nou an.

Fwi mwen pi bon ke , menm pi.

Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-