Publicidade

Mulher

Por Bíblia Online –

A Bíblia celebra a mulher como obra-prima da criação divina. Ela é elogiada por sua sabedoria, força, beleza interior e papel fundamental na família e na sociedade.

A mulher na criação

Deus criou o homem e a mulher à sua imagem. A mulher foi formada como ajudadora idônea — parceira de igual dignidade e valor.

27 Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.

21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.22 Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.23 Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.

Virtude e caráter

A beleza é vã e a formosura passageira, mas a mulher que teme ao Senhor é digna de louvor. Seu caráter é seu maior tesouro.

30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.

1 Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.

4 Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.

16 Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li.

14 Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.

19 Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen.

11 Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total.

Sabedoria e serviço

As mulheres da Bíblia foram líderes, profetisas e discípulas fiéis. Jesus honrou as mulheres e as incluiu em seu ministério.

1 Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.2 Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li.3 Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizan ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen.

1 Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou,

7 Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou.

11 Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.

3 Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.4 Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo,5 ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.

Publicidade