Publicidade

Mundo

Por Bíblia Online –

A Bíblia tem muito a dizer sobre o mundo e nossa relação com ele. Cristãos estão no mundo, mas não são do mundo — chamados a ser luz e sal sem se conformar com os padrões seculares.

Não ameis o mundo

Não ameis o mundo nem o que nele há. A cobiça da carne, a cobiça dos olhos e a soberba da vida não vêm do Pai, mas do mundo.

15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.

15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.

16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.

17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

4 Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.

4 Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.

O amor de Deus pelo mundo

Porque Deus amou o mundo de tal maneira que deu seu Filho. O mesmo mundo que rejeita a Deus é amado por Ele e objeto de sua redenção.

16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

19 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.

2 Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.

1 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.

1 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.

Vencer o mundo

Jesus venceu o mundo e nos dá sua paz e vitória. A fé é a vitória que vence o mundo — e aquele que nasceu de Deus o vence.

33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

4 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

4 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

5 Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.

4 Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

No mundo sem ser do mundo

Jesus orou: não peço que os tires do mundo, mas que os guardes do mal. Somos enviados ao mundo como embaixadores do Reino.

14 Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.

15 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.

15 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.16 Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.17 Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.18 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan.

25 O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen.26 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.

31 Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.

27 M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

18 Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.19 Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.

Sal e luz

Vós sois o sal da terra e a luz do mundo. O cristão transforma o ambiente onde está, sem se conformar com os padrões mundanos.

13 Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.14 Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.

14 Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?

26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?

7 Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!

15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.

15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.

36 Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?

Não se conformar

Não vos conformeis com este mundo. A religião pura é guardar-se da corrupção do mundo e viver segundo o Espírito de Deus.

2 Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.

2 Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.

20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.

20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.

19 Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.

27 Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

27 Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

11 Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.12 Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

A batalha espiritual

A nossa luta não é contra carne e sangue. Os poderes do mundo são reais, mas o que está em nós é maior que o que está no mundo.

12 Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

8 Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.

3 M'ap viv koulye a nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.

12 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.

20 Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?21 Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a.

27 Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.

28 Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.29 Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.

18 Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon.

7 Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.8 Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.

7 Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.8 Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.

Pertencemos a Deus

Do Senhor é a terra e tudo o que nela existe. Vivemos neste mundo como peregrinos, desejando a pátria celestial.

1 Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.

11 (89:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.

19 (31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

7 (9:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.8 (9:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.

9 Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.10 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li.

10 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li.

12 Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

27 Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.28 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.

7 Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.8 Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.9 Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen.10 Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò.11 Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.

4 Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.

3 Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.4 Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye.5 Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a.6 Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay.7 Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.

10 Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou.

11 Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.

13 Nou pa bezwen sezi, frè m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou.

19 Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.

4 Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè.5 Solèy leve, solèy kouche. L'ap kouri tounen kote pou l' leve a ankò.6 Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete.7 Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.

31 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

8 Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.

50 Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri.

17 Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la.

25 L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen.

Publicidade