Publicidade

Nascimento

Por Bíblia Online –

O nascimento é obra das mãos de Deus. Cada criança é formada por Ele no ventre materno com propósito e amor. A Bíblia celebra a vida desde a concepção até a eternidade.

O nascimento de Jesus

O maior nascimento da história mudou o curso da humanidade. Jesus nasceu de uma virgem pelo poder do Espírito Santo, conforme as profecias.

18 Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.19 Jozèf, fiyanse l' la, te yon nonm debyen. Li pa t' vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont.20 Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.21 Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.

22 Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di:23 Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)24 Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l' fè: li pran madanm li lakay li.25 Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

14 Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).

26 Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt.27 Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.

30 Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.31 Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li.33 La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.

34 Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason!35 Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.

Formados desde o ventre

Deus nos teceu no ventre de nossa mãe. Antes de nascermos, Ele já nos conhecia e nos separou para um propósito sagrado.

13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.15 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.16 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

5 -Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.

9 (22:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.

10 (22:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.

6 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.

15 Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!

9 Eske mwen ka fè yon fanm kase lèzo, lèfini pou m' pa kite l' akouche? Eske mwen ka fè pitit la rive sou jou l' lèfini pou m' pa kite l' fèt? Se Bondye ou la menm ki di sa!

Crianças — bênção e promessa

Jesus acolheu as crianças e disse: delas é o Reino dos céus. Os filhos são herança do Senhor e motivo de alegria para os pais.

14 Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

4 Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la.5 Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.

16 Apre sa, li pran timoun yo nan bra l', li mete men l' sou tèt yo chak, li beni yo.

3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.

27 Mwen te mande l' pou l' te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m' te mande l' la.

4 (92:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.

Nascer de novo

Jesus ensinou que é preciso nascer de novo para ver o Reino de Deus. O novo nascimento é espiritual — pelo Espírito e pela Palavra.

3 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.

21 Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè.

9 Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou.

9 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.

Publicidade