A nova jerusalém
A Nova Jerusalém é a cidade de Deus que desce do céu, morada eterna dos redimidos. Nela não haverá mar, morte, choro nem dor — Deus habitará com seu povo para sempre.
A cidade celestial
João viu a santa cidade, a Nova Jerusalém, descendo do céu como noiva adornada para o esposo. Ali Deus morará com seu povo.
Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: "Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase."
Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal. Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo. Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès. Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.
Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li. Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.
Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
A pátria celestial
Os patriarcas aguardavam uma cidade que tem fundamentos, cujo arquiteto e construtor é Deus. Nosso lar eterno está além desta vida.
Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.
Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.
Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout.
"Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
"Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
A glória da Nova Jerusalém
Deus habitará no meio do seu povo. Sua presença será a luz da cidade, e o rio da vida fluirá do trono de Deus e do Cordeiro.
Genyen yon rivyè ak flèv li yo
ki fè kè vil Bondye a kontan;
lye sen a kote Pi Wo a demere a.
"Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’."
Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò.
"Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.
"Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.
Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.