Pular para o conteúdo
Publicidade

Philémon 1

1 Paul, yon 1:1 Ef 3:1prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, 2 ak Apphia, ou, a 1:2 Kol 4:17Archippe 1:2 Fil 2:25sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: 3 1:3 Wo 1:7Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.

4 1:4 Wo 1:8 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen 1:5 Ef 1:15tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. 6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon 1:6 Phm 1:9konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. 7 Paske nou gen tan twouve anpil 1:7 II Kor 7:4,13lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske a fidèl yo vin 1:7 I Kor 16:18rafrechi atravè ou menm, frè.

8 Konsa 1:8 II Kor 3:12malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou sa ki bon, 9 malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye oupaske mwen se yon moun tankou Paul 1:9 Tit 2:2granmoun lan, e koulye a, osi 1:9 Phm 1yon prizonye a Kris Jésus. 10 Mwen sipliye ou, pou 1:10 I Kor 4:14pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin pandan mwen te nan 1:10 Kol 4:9prizon an, 11 ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.

12 Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se m menm ke m voye a. 13 Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.

14 Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle anyen, pou bonte ou 1:14 II Kor 9:7pa ta, anfèt "pa lafòs", men m ta pito akoz bòn volonte pa ou. 15 Paske, li ka petèt separe de ou, 1:15 Jen 45:5,8eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt, 16 pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav 1:16 Mat 23:8yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.

17 Si, konsa, ou gade mwen kòm yon 1:17 II Kor 8:23ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen. 18 Men si, nan nenpòt jan li te ou , oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen. 19 1:19 I Kor 16:21Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)

20 Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. 1:20 Phm 1:7Rafrechi m nan Kris la. 21 1:21 II Kor 2:3Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va menm plis ke sa mwen di a.

22 An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa 1:22 II Kor 1:11lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.

23 1:23 Kol 1:7 Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou 24 tankou 1:24 Kol 4:10Marc, Aristarque, Démas 1:24 Kol 4:14Luc, ouvriye parèy a mwen yo.

25 1:25 Gal 6:18 Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também

Filemom
Ver todos os capítulos de Filemom