Pais e filhos
A relação entre pais e filhos é uma das mais preciosas na Bíblia. Deus estabeleceu a família como escola de fé, amor e formação de caráter.
Honrar pai e mãe
Honrar os pais é o primeiro mandamento com promessa. Os filhos são chamados a obedecer, respeitar e cuidar de seus pais.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
Sila ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
Sila ki modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
Instruir os filhos
Os pais devem instruir os filhos no caminho certo. A educação começa cedo, com disciplina amorosa e ensino constante da Palavra.
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?
Filhos como bênção
Os filhos são herança do Senhor. A coroa dos velhos são os filhos dos filhos, e a glória dos filhos são seus pais.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
"Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon kolèv? Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?"
Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a."
"Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè."
"Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.